exibições de letras 1

Vole Pran L (feat. Mikaben & Kenny Haiti)

Richard Cavé / KAI

An nou pote kole, pou ayiti dekole
(Ase ase) ase tande zam kap tire pow pow
(Nou bouke, nou nouke) tout manman pitit nou yo dwe manje
Afè dola kap pede monte
Ensekirite menm se pa pale
Eske dezòd sa yo finanse, c'est asser

(Oh papa di yon mo pou nou) wa di yon mo pou elev lekòl yo
(Oh papa di yon mo pou nou) yap plede fè n fè tolalito

Gen sa ki vle voye n adwat, adwat, adwat
Gen sa ki vle voye n agòch, agòch, agòch
Pèp la nan mitan li pa monte
Li pa desann li pa deplase

Gen sa ki vle voye n adwat, adwat, adwat
Gen sa ki vle voye n agòch, agòch, agòch
Pèp la nan mitan li pa monte
Li pa desann li pa deplase

Leve chemiz anlè (lage m nan kay la)
Mwen di leve mayo anlè (lage m nan kay la)
Souke souke mesdames et messieurs men boule deboulay

Lavi timoun yo pa epanye
Manman senti mare ap rele la
Tout moun de men nan tèt ap mande
Kote pwoblèm peyi sa prale, ede m chante

(Nou pa kapab ankò) de men n anlè pou n balanse
(Nou pa kapab ankò) nou rele la
(Nou pa kapab ankò) de men n anlè pou n balanse konsa

N ap tire wòch n ap kraze brize
Boule mache pap fè sa chanje la
Lè w femen lekòl jenès la w bloke
Avni peyi a w ap boykote, ede m chante

(Nou pa kapab ankò) de men n anlè pou n balanse
(Nou pa kapab ankò) nou rele la
Nou pa kapab, nou pa kapab, nou pa kapab, nou pa kapab
Kenny sispann preche, vin boule sa pou nou

Boule (boule deboulay)
Boule (boule deboulay)

Depi m antre nan kai (pèp la di li nan batay)
Depi m antre nan kay (pèp la di li pap pran may)
(M santi m pral dedouble) leve mayo w anlè tonnè
(M santi m pral dedouble) woy leve chemiz anlè tonnè
(M santi m pral dedouble) woy leve bagay anlè tonnè
(M santi m pral dedouble) leve kaskèt anlè

(Boule deboulay) boule vire bagay anlè
(Boule deboulay) boule vire bagay anlè

Ole ole olay
Ole ole olay
Yo te panse se te piyay (ole ole olay)
Mwen sèmante mwen pa pè chay (ole ole olay)

Boule (boule deboulay)
Boule (boule deboulay)

Depi m antre nan kai (pèp la di li nan batay)
Depi m antre nan kay (pèp la di li pap pran may)
(M santi m pral dedouble) leve mayo w anlè tonnè
(M santi m pral dedouble) woy leve chemiz anlè tonnè
(M santi m pral dedouble) woy leve bagay anlè tonnè
(M santi m pral dedouble) leve kaskèt anlè

(Boule deboulay) boule vire bagay anlè
(Boule deboulay) boule vire bagay anlè

Ole ole olay
Ole ole olay
Ole ole olay
Aaaaah stop

M wè w kanpe sou politik pa ban m panik
Kite ti pèp la pran plezi l kite ti pèp

Anmwey kite ti pèp la pran plezi l tande
Anmwey anmwey anmwey kite ti pèp la pran plezi l tande
Kounya nou pral pote kole (frape l, frape l bla)
Pou ayiti ka dekole (frape l, frape l bla)
Si nou dakò pou sa chanje (frape l, frape l, frape l, frape l, ah)

Woy

Anmwey kite ti pèp la pran plezi l tande
Anmwey anmwey anmwey kite ti pèp la pran plezi l tande
Kounya nou pral pote kole (frape l frape l bla)
Pou ayiti ka dekole (frape l frape l bla)
Si nou dakò pou sa chanje (frape l frape l frape l frape l ah)

Woy

Shots ina the air (pow)
Shots ina the air (pow)
Kenny, kai, mikaben shots ina the air (pow)
Shots ina the air (pow)
Shots ina the air (pow)
Kenny, kai, mikaben shots ina the air (pow)
Si w wè yon ti bredjen lavi chè voye l anlè l pa atrap li
(Pa kite l tonbe vole pran l)
Si w wè yon limena lavi chè voye l anlè l pa atrap li
(Pa kite l tonbe vole pran l)

I wanna say, s on bagay ensanse, moun pa ka depanse
Tout moun de bra balanse
Twòp brejen k ap brase twòp limena kap brase
Pa gen manje, pa gen travay, bagay la rèd oh leve de men n anlè

Kite de men n anlè vole (vole pran l)
Kite de men n anlè vole (vole pran l)
Site solèy (vole pran l), lasalin (vole pran l)
Ayiti cheri (ayyyy)

Nou pap pèdi batay la
Nou pap pèdi batay la
Nou pap pèdi batay la
Nou pap pèdi batay la
Nou pap pèdi batay la
Nou pap pèdi batay la


Comentários

Envie dúvidas, explicações e curiosidades sobre a letra

0 / 500

Faça parte  dessa comunidade 

Tire dúvidas sobre idiomas, interaja com outros fãs de Richard Cavé / KAI e vá além da letra da música.

Conheça o Letras Academy

Enviar para a central de dúvidas?

Dúvidas enviadas podem receber respostas de professores e alunos da plataforma.

Fixe este conteúdo com a aula:

0 / 500


Opções de seleção

Mais ouvidas de Richard Cavé / KAI